Edikasyon

YON LANE APRÈ PREMYE GRADYASYON

Marie Jouberthe Sénateur 08 desanm 2025

HUBCONNECT – YON LANE APRÈ PREMYE GRADYASYON NOU

8 Desanm 2024, HubConnect te make yon gwo etap nan istwa li: premye gradyasyon ofisyèl la.

Nan premye pwomosyon an, nou te fòme:

15 videyograf

12 fotogwaf

• (Konsepsyon Grafik te lanse tou, ak premye pwomosyon an k ap fini nan nouvo sik la)

27 jèn pwofesyonèl te antre sou mache dijital la gras ak HubConnect.

Se menm jou sa tou HubConnect te fè yon gwo anons:

lanse vizyon pou kreye pi gwo platfòm edikasyon nimerik nan peyi a, ak objektif pou rive jwenn plis pase

1 000 000 moun chak jou,

epi mete 200 a 400 kou disponib sou li.

Ane 2024 te fondasyon an.

Ane ki ap vini yo pral ekspansyon, inovasyon, ak plis chans pou jèn yo grandi nan mond dijital la.

HubConnect ap kontinye bati avni nimerik Ayiti.

Rete branche pou sa k ap vini yo.

Komantè
Poko gen komantè
Ajoute komantè