Kou nou yo aprann videyo sou telefòn / Adobe Premiere Pro
08:24 Videyografi QCM Setifika konpetans Fichye sous
Konekte pou ou gen aksè ak kou yo sou panèl etidyan pa'w la. Mèsi!
Konekte
Telechajman & gade san limit Satife osaw ranbouse Peman 100% sekirize
Deskripsyon
Byenveni nan fòmasyon ultim sou Premiere Pro Mobile, yon kou konplè ki fèt pou pran men ou depi premye klik ou, rive jouk ou metrize tout teknik pwofesyonèl ki egziste nan montaj sou telefòn!

Nan plis pase 6 èdtan kontni wo kalite, ou pral dekouvri yon seri leson ki bati ak anpil swen pou montre w:

Kòman pou byen kòmanse ak interface la

Koupe, ranje ak netwaye videyo yo tankou yon pro

Mete efè, tit, ak tranzisyon pwofesyonèl

Fè koloryometri ki bay videyo w yon “cinematic look”

Jwe ak zouti otomatik ak fonksyon entèlijans atifisyèl yo

Kreye videyo dinamik, pwòp ak modèn… sèlman ak telefòn ou!

Fòmasyon an fèt pou tout nivo:
➡️ Debitan ki vle aprann byen vit
➡️ Kreyatè kontni ki vle amelyore kalite videyo yo
➡️ Moun ki gen eksperyans ki vle vin pi rapid, pi efikas, pi kreyatif

Ou pa bezwen okenn eksperyans davans. Tout bagay fèt pou ou aprann fasil, yon etap apre lòt, ak yon pwogresyon ki klè e ki motive.

Nan fen kou a, ou pral pase yon egzamen chwa miltip ki pèmèt ou valide konesans ou yo, epi jwenn konfimasyon ke ou metrize fondasyon Premiere Pro Mobile la.

Epi si w gen kesyon pandan kou a, fowòm èd la disponib 24/7 pou gide w, reponn dout ou, epi sipòte w pandan w ap grandi.

Pran plezi w, aprann ak vitès pa w, epi prepare w pou kreye videyo pwofesyonèl dirèkteman sou mobil ou!
Nou kontan gen ou nan nouvo vwayaj kreyatif sa a.
Chapit
Chapit 2 : kijan pou w enstale pr sou tel ou
Chapit 1 : aprann kou
Chapit 3 : aprnn pi red
Good job ak ekip la
Judelin isaac Jean

Kesyon sou kou an

Fotograf / Videyograf

Judelin isaac Judelin Isaac

Jean Judelin Isaac se fondatè HubConnect ak yon vidéaste pwofesyonèl ki angaje pou fòme ak enspire jèn kreyatè. Li bati HubConnect pou konekte talan ak opòtinite epi ankouraje pwodiksyon kontni pwofesyonèl.